Lanmou Bondye

Kisa ki ka fè nou pèdi lanmou Kris la gen pou nou an?

Akeyi

Misyon

Sove

Sali pou tou tan

Retou Jezi a

Jezi se Bondye?

Don Sentespri

Don Pwofesi

Don Sèvis

Don Anseye

Don Egzòte

Don Bay Nan Sa Ou Genyen

Don òganize

Don Montre Mizèrikòd

Maryaj

Legliz

Bay Bondye Glwa

Lafwa

Foto 2006

Foto 2007

Foto 2008

Foto 2009

Foto 2010

Foto 2011

Foto 2012

Foto 2013

Foto 2014

Foto 2015

Foto 2016

Foto 2017

Mizik

Mizik 2

Kontak

“Paske Bondye sitèlman renmen lèzòm li bay sèl Pitit li a pou yo. Tout moun ki va mete konfyans yo nan li p'ap pedi lavi yo. Okontrè y'a gen lavi ki p'ap janm fini an.” (Jan 3: 16)

Ki kote ou ta ye si se pat pou renmen ke Bondye genyen pou ou a? Eske ou janm pran yon tan pou ou reflechi, pou ou poze tèt ou kesyon sa a? Pa genyen okenn bagay ki kapab konpare avèk travay ke lanmou Bondye genyen pou ou a fè nan lavi ou.

Lanmou Bondye a pran ou sou wout ou tap swiv la, wout ki tap mennen ou tou dwat nan lanfè a. Lanmou Bondye a pran ou lè ke ou te tou sal ak peche epi li lave ou, li vin fè ou parèt pwòp devan Li. Lanmou Bondye a mete letanp Sentespri Bondye a sou ou, li make ou pou li kapab kenbe ou jouk lè Jezi tounen vini chèche ou pou ou ale viv avèk Li pou tou tan.

Lè ke ou panse avèk lanmou Bondye a, ou ta bezwen mete de jenou ou atè pou ou kriye:

“Alelouya, mèsi Seyè!!! Jezi, se ou sèl ki merite tout lonè, tout glwa, tout louranj ; pa genyen yon lòt tankou Ou, Seyè ”

Lè ke Bondye sove ou, Sentespri vin abite nan ou. Sentespri a bay chak moun kado ke nou kapab rele don espirityèl pou ou kapab travay pou Bondye. Ou bezwen itilize kado Sentespri ba ou a pou ou travay pou Bondye. Youn nan kado ke Sentespri ban nou se don pou anseye e se rezon sa a ki fè ke nou genyen sit sa a. Nap kontinye trete anpil sijè ki kapab ede ou nan etidye pawòl Bondye a.

Nan Travay 17: 11, nou li: " Jwif nan lavil Bere yo te resevwa pawòl la byen vit san traka. Chak jou yo tap egzaminen sa ki te ekri nan Liv la pou wè si sa Pòl tap di yo a se vre. "

Se tout dezi kè nou pou tout kretyen ta menm jan ak kretyen nan lavil Bere yo. Se te yon bèl bagay pou jan kretyen sa yo te resevwa pawòl Bondye a nan men Pòl. Men yo te ale pi lwen toujou paske yo te pran sa ke Pòl te di yo a epi yo te ale konpare li avèk sa ki te ekri nan Liv la. Nou ta renmen ankouraje tout kretyen pou yo ta itilize kretyen nan lavil Bere yo kòm egzanp. Konsa, yo va grandi nan lespri yo e yap kapab kanpe fò devan fo pwofèt yo ak antikris yo ki ap fè firè nan monn lan. Nan sit sa a, nap kontinye trete nouvo sijè ki va ede ou nan pwogrè lespri ou. Konsa, kontinye itilize materyèl ki nan sit sa a nan etid ou epi fè menm jan ak moun lavil Bere yo, egzaminen sa ki ekri nan Bib la pou wè si sa ki nan sit sa a se vre.

Genyen anpil doktrin ki deyò a ke anpil legliz rive adopte, men doktrin sa yo pa baze sou pawòl Bondye a. Youn nan rezon ki fè bagay sa yo ap kontinye, se paske anpil fwa kretyen yo tande yon bagay ke yo pat konnen epi yo asepte li san ke yo pa menm sonde pawòl sa a avèk sa ki ekri nan Bib la ki se pawòl Bondye a. Nenpòt rèv, vizyon osinon revelasyon ke yo jwenn, yo pran li san ke yo pa mande tèt yo si sa sòti nan Bondye. Jan te bay avètisman sa a: "Mezanmi, nou pa bezwen kwè tout moun k'ap di yo gen Lespri Bondye a. Men, se pou n' sonde yo pou nou wè si lespri yo genyen an soti nan Bondye vre. Paske, gen yon bann fo pwofèt ki gaye toupatou sou latè a." (1 Jan 4:1)

Jezi te di konsa: " Pran prekosyon nou ak fo pwofèt yo. Yo pran pòz ti mouton yo lè y'ap vin sou nou, men nan fon kè yo, se bèt devoran yo ye. " (Matye 7:15)

Mwen gen lasirans anyen pa ka fè nou pèdi renmen Kris la gen pou nou: ni lanmò, ni lavi, ni zanj Bondye yo, ni lòt otorite ak pouvwa ki nan syèl la, ni bagay ki la jòdi a, ni sa ki gen pou vini pita, ni pouvwa ki anwo nan syèl la, ni pouvwa ki anba tè a. Non. Pa gen anyen nan tout kreyasyon Bondye a ki ka janm fè nou pèdi renmen Bondye fè nou wè nan Jezikri, Seyè nou an. (Women 8: 38,39)