Kisa glorifye Bondye vle di?
Pou anpil moun, lè yo tande glorifye osinon bay Bondye glwa, premye bagay ki vin nan tèt yo, se chante. Chante se yonn nan jan ou kapab bay Bondye glwa, men se pa sa ki pi enpòtan an. Anpil fwa, nan sèvis yo, nou ankouraje moun pou yo bat men yo, pou yo chante pi fò. Se byen sa, men se pa tout bagay la sa. Yon moun gen dwa louvri tout gagann li pou li chante, men Bondye pa jwenn glwa nan chante a.
Yon moun pa kapab sèvi Bondye jan ke li vle; yon moun pa kapab adore Bondye jan ke li vle. Bondye genyen jan ke Li menm Li vle pou sèvis li yo fèt. Nan Egzòd 28, nou jwenn ke Bondye te bay jan ke prèt kap vin prezante devan Li yo te dwe abiye. David te vle bati yon tanp pou Bondye; sa montre nou jan David te devwe ak Bondye, men Bondye pat asepte pou david te fè sa. Men se pitit David la ke Bondye te asepte pou bati tanp lan.
Lè pou moyiz te bati lak la, Bondye te fè li konnen egzakteman jan ke li te dwe bati li
« W'a fè tant lan ak tout bagay ki pou ale ladan l', dapre modèl mwen pral ba ou a. y'a pran bwa zakasya, y'a fè yon gwo bwat. Bwat la va mezire twa pye nèf pous longè, de pye twa pous lajè, de pye twa pous wotè. W'a kouvri l' nèt, anndan kou deyò, ak pi bon klas lò ki genyen. Epi w'a mete yon bòdi an lò fè wonn li. W'a fonn lò a fè kat gwo bag tou won. W'a moute yonn sou chak kwen bwat la, de chak bò. W'a pran de jenn poto zakasya, w'a kouvri yo nèt ak lò. W'a pase poto yo nan twou bag yo, sou de bò bwat la. Poto sa yo va sèvi manch pou pote bwat la. Se pou poto yo toujou rete nan bag yo, san yo pa janm wete yo. Mwen pral ba ou de ròch plat ki va sèvi pou nou toujou chonje m'. W'a mete yo nan bwat la. W'a pran pi bon lò ki genyen, w'a fè yon kouvèti pou bwat la. L'a mezire twa pye nèf pous longè sou de pye twa pous lajè. » (Egzòd 25:9-17)
Ou pa kapab fè anyen pou Bondye jan ke ou menm, ou vle fè li; Bondye bay egzakteman jan ke nou dwe sèvi Li, jan ke nou dwe prezante devan Li, jan ke nou dwe glorifye Non Li.
Ou kapap li plis sou sijè sa a nan liv ke nou te itilize pou etid la. Jis klike sou lenk sa a: Bay Bondye Glwa