Lanmou Bondye

Kisa ki ka fè nou pèdi lanmou Kris la gen pou nou an?

Akeyi

Misyon

Sove

Sali pou tou tan

Retou Jezi a

Jezi se Bondye?

Don Sentespri

Don Pwofesi

Don Sèvis

Don Anseye

Don Egzòte

Don Bay Nan Sa Ou Genyen

Don òganize

Don Montre Mizèrikòd

Maryaj

Legliz

Bay Bondye Glwa

Lafwa

Foto 2006

Foto 2007

Foto 2008

Foto 2009

Foto 2010

Foto 2011

Foto 2012

Foto 2013

Foto 2014

Foto 2015

Foto 2016

Foto 2017

Mizik

Mizik 2

Kontak

LAFWA

« Antan Jezi t'ap antre lavil Kapènawòm, yon kaptenn lame women an vin bò kote li. Li mande l' yon sèvis. Li di l' konsa: Mèt, domestik mwen an kouche lakay, li paralize nèt, l'ap soufri anpil. Jezi di l' konsa: Mwen pral geri l' pou ou.

Men kaptenn lan reponn li: Mèt, mwen pa merite pou ou antre lakay mwen. Men, annik bay yon lòd ase, domestik mwen an va geri. Mwen menm k'ap pale avè ou la a, mwen sou zòd chèf, mwen gen sòlda sou zòd mwen tou. Lè m' di yonn ale, li ale. Lè m' di yon lòt vini, li vini. Lè m' di domestik mwen an fè sa, li fè li.

Lè Jezi tande pawòl sa yo, li sezi. Li di moun ki t'ap mache dèyè li yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: mwen poko janm jwenn yon moun nan pèp Izrayèl la ki gen konfyans nan Bondye tankou nonm sa a. Mwen p'ap kache di nou sa: anpil moun va soti nan peyi solèy leve ak nan peyi solèy kouche, y'a vin chita sou tab ansanm ak Abraram, ak Izarak, ak Jakòb nan Peyi Wa ki nan syèl la.

Men, moun ki pou ta antre nan Peyi Wa a, y'ap voye yo jete deyò nan fènwa. Se la va gen rèl, se la moun va manje dan yo. Apre sa, Jezi di kaptenn lan: Ale lakay ou. Tout bagay ap pase pou ou jan ou kwè l' la. Menm lè a, domestik la te geri. » (Matye 8 :5-13)

Pasaj sa a se yonn nan gran pasaj ki montre nou jan ke yon moun genyen lafwa. Non sèlman ke kaptenn nan te genyen lafwa ke Jezi te kapab geri sèvitè li a, men li te genyen lafwa ke Jezi pat menm bezwen deplase ale lakay li pou travay sa a te fèt. Li te genyen konfyans ke si Jezi te sèlman pale, sèvitè a tap geri.
 
Nan etid ke nou te fè nan Jiyè 2014 la, nou te pale sou kisa lafwa ye ; nou te eseye konprann enpòtans lafwa nan lavi yon kretyen. Nou te itilize liv Ebre a kòm youn nan pwen santral nou paske nou jwenn ke liv Ebre a pale anpil sou sijè sa a.
 
Nan Ebre 11, vèsè 1, nou li:
 
« Lè yon moun di li gen konfyans nan Bondye, sa vle di li sèten li gen pou l' resevwa sa l'ap tann lan. Li gen konviksyon bagay nou pa ka wè ak je nou egziste tout bon vre. »
 
Nan lang fransè a, nou li:
 
« La foi est une ferme assurance des choses qu'on espère, une démonstration de celles qu'on ne voit pas. »
 
Ou kapab jwenn plis enfòmasyon sou sijè sa a nan liv ke nou te itilize pou etid la nan lenk sa a: LAFWA

Mwen gen lasirans anyen pa ka fè nou pèdi renmen Kris la gen pou nou: ni lanmò, ni lavi, ni zanj Bondye yo, ni lòt otorite ak pouvwa ki nan syèl la, ni bagay ki la jòdi a, ni sa ki gen pou vini pita, ni pouvwa ki anwo nan syèl la, ni pouvwa ki anba tè a. Non. Pa gen anyen nan tout kreyasyon Bondye a ki ka janm fè nou pèdi renmen Bondye fè nou wè nan Jezikri, Seyè nou an. (Women 8: 38,39)