Lanmou Bondye

Kisa ki ka fè nou pèdi lanmou Kris la gen pou nou an?

Akeyi

Misyon

Sove

Sali pou tou tan

Retou Jezi a

Jezi se Bondye?

Don Sentespri

Don Pwofesi

Don Sèvis

Don Anseye

Don Egzòte

Don Bay Nan Sa Ou Genyen

Don òganize

Don Montre Mizèrikòd

Maryaj

Legliz

Bay Bondye Glwa

Lafwa

Foto 2006

Foto 2007

Foto 2008

Foto 2009

Foto 2010

Foto 2011

Foto 2012

Foto 2013

Foto 2014

Foto 2015

Foto 2016

Foto 2017

Mizik

Mizik 2

Kontak

Kilès Jezi ye?

Kilès Jezi ye?

 

Repons ou ak kesyon ap detèmine ki kote ou prale pase etènite ou. Si ou etidye kat(4) liv levanjil yo ki nan Bib la (Matye, Mak, Lik, Jan), se twa (3) repons ou kapab bay:

 

1-                 Jezi te yon mantè, Li tap pase sou moun.

2-                 Jezi te yon moun ki pat byen nan tèt Li; sa Li te di yo, se pat fòt Li.

3-                 Jezi se Bondye.

 

Nenpòt moun ki di ke Jezi te sèlman yon pwofèt osinon yon senp pwofesè osinon yon bon moun, moun sa a pa baze repons li sou Bib la.

 

An nou gade kèk bagay ke Jezi te di.

 

“Moun ki wè m', li wè Papa a.”

 

Lè ke Filip te mande pou Jezi te moutre disip yo Papa a. Jezi reponn li:

 

“Depi tout tan sa a mwen la avè nou, Filip, ou poko konnen m' toujou? Moun ki wè m', li wè Papa a. Ki jan ou ka fè di: Moutre m' Papa a?” (Jan 14:9)

 

Men kisa ki te fè Filip mande pou Jezi  moutre disip yo Papa a?

 

Jezi tap pale ak disip yo sou ale ke Li te gen pou Li ale e Li prale prepare yon plas pou yo; kote Lap ye, se la yo va ye tou. Epi Jezi di mesye yo yon bagay ke mesye yo pat konprann. Jezi te di: “Nou konnen chemen ki mennen kote m' prale a.” ( Jan 14: 4)

 

Jezi te di yo sa paske se Jezi menm ki chemen an; mesye yo te konnen Jezi men yo pat ankò konprann verite sa a. Jezi te kontinye pou Li te di:

 

“Si nou konnen m', n'a konn Papa m' tou. Men, depi koulye a nou konnen l', nou wè l' tou.” ( Jan 14: 7)

 

Jezi te fè disip yo konnen ke non sèlman yo konnen Papa a, men yo wè Papa a tou. Nou kapab wè lojik ki dèyè kesyon Filip la konsa: “ Ou di ke nou konnen Bondye e nou wè Bondye, enbyen montre nou Li pou nou ka wè figi Bondye.

 

Nou kapab wè ke kesyon Filip la pat yon kesyon ki te poze konsa konsa. Jezi li menm tap dirije mesye yo pou yo te ale nan sijè sa a. Pawòl Jezi tap di yo tap attire kiryozite mesye yo pou yo te anvi konnen plis sou sa Jezi tap pale yo.

 

Nan Kolòs 1:15, nou li: “ Kris se pòtre Bondye, Bondye nou pa ka wè a.” Vèsè sa a kore sa Jezi te di mesye yo: “Moun ki wè m', li wè Papa a.”

 

Jezi se Bondye nan kò moun. Zye lèzòm pa kapab wè Bondye paske Bondye se Espri ke li ye. Jezi, ki Li menm se Bondye, pran fòm moun pou li te kapab fè moun konnen Bondye e rekonsilye yo ak Bondye.

 

“Mwen menm ak Papa m', nou fè yon sèl.”

 

Yon lòt fwa Jezi te di konsa; “Mwen menm ak Papa m', nou fè yon sèl.”

 

Jwif yo ranmase wòch pou kalonnen li. Lè sa a, Jezi di yo: “Avèk pouvwa Papa a mwen fè anpil bon bagay nan mitan nou. Manyè di m' pou kilès ladan yo nou vle touye m' ak kout wòch la?”

 

Jwif yo reponn li: “Se pa pou okenn bon bagay nou vle touye ou ak kout wòch. Men, se paske w'ap pale mal sou Bondye. Se moun ou ye, epi w'ap chache pase pou Bondye.” (Jan 10:30-33)

 

Jwif yo te vle lapide Jezi paske Jezi te di yo klèman ke Li se Bondye. Disip yo te kwè nan Jezi men genyen kèk nan jwif yo ki pat kwè Jezi. Si ou pa kwè nan sa Jezi di a, sa vle di ke ou kwè ke Jezi tap bay manti osinon tèt Li pat byen. Ou pa kapab di ke Jezi te yon bon moun osinon yon senp pwofèt Bondye san ou pa demanti Jezi paske Jezi di ke Li se Bondye.

 

Adore, mete ajenou!

 

Lè Satan tap tante Jezi, li te di Jezi: “M'ap ba ou tout bagay sa yo, si ou mete ou ajenou devan m' pou ou adore m'”

 

Jezi reponn li: “Wete kò ou sou mwen, Satan. Paske, men sa ki ekri: Se Mèt la, Bondye ou, pou ou adore, se li menm sèl pou ou sèvi.” ( Matye 4: 9-10)

 

Jezi te konnen trè byen ke se Bondye sèlman ki merite pou yon moun mete ajenou devan Li, pou ou adore Li. Nan Matye 14: 33, Jezi pat anpeche moun yo mete ajenou nan pye Li pou yo adore Li. Nan Jan 9:38, Jezi te asepte pou nèg avèg ki te geri a te mete ajenou nan pye Li pou adore Li.

 

Egzanp sa yo montre nou ke Jezi te asepte bagay ke Bondye sèl merite.

 

Mirak yo!

 

Mirak Jezi yo montre nou tou ke Jezi te sa ke Li di Li te ye a.

 

Jezi montre pouvwa Li sou lanati nan mirak lè Li te mache sou dlo (Matye 14:25), nan miltiplikasyon pen yo (Matye 14:15-21), ak lè Li te kalme tanpèt la (Mak 4:35-41).

 

Jezi te montre pouvwa Li tou sou tout kalite maladi lè Li geri moun avèg (Jan 9), moun paralyze (Mak 2), moun ki lepre (Lik 17), moun ki soud (Mak 7).

 

Jezi te montre pouvwa Li sou lanmò lè Li te leve moun ki te mouri (Lik 7 ak Matye 9)

 

Bagay sa yo montre nou ke Jezi te gen pouvwa sou tout kreyasyon an. Se Bondye sèlman ki gen pouvwa konsa.

 

Pouvwa ak glwa Bondye a!

 

Bondye di nan Ezayi 48:11: “Se poutèt mwen, poutèt mwen menm ase, mwen fè sa m' fè a. Eske m' ka kite yo derespekte non mwen? Mwen p'ap kite yon lòt resevwa lwanj ki pou mwen an!”

 

Nan Ezayi 42:8, Bondye di konsa: “Se mwen menm ki Seyè a, se konsa yo rele m'. Mwen p'ap bay yon lòt bondye pouvwa mwen an. Mwen p'ap kite yo bay zidòl yo lwanj ki pou mwen an.”

 

Nan Jan 16:13-15, an nou gade sa Jezi di:

 

“Men, li menm Lespri k'ap moutre verite a, lè la vini, la mennen nou nan tout verite a. Paske li p'ap pale pawòl pa li. Men, tou sa la tande, se sa la di nou: la fè nou konnen bagay ki gen pou rive.

Li pral fè yo wè pouvwa mwen, paske la pran sa ki pou mwen pou l' fè nou konnen yo.

Tou sa ki pou Papa a se pou mwen yo ye tou. Se poutèt sa mwen di nou la pran sa ki pou mwen pou l' fè nou konnen yo.”

 

Bondye di ke Li pa separe pouvwa Li, lwanj Li an ak pèsòn lòt. Jezi di tout sa ki pou Papa a, se pou Li yo ye tou. Sa vle di lwanj ak pouvwa Papa a se pou Li yo ye.

 

Gen anpil pasaj nan Bib la ki moutre nou ke Jezi se Bondye ke Li ye. Si ou pa kwè sa, ou di Jezi manti, ou di Bib la manti e Jezi di nan Jan 3:18

 

“ Moun ki mete konfyans yo nan Pitit Bondye a p'ap kondannen. Men, moun ki pa kwè nan li, yo deja kondannen, paske yo pa t' gen konfyans nan sèl Pitit Bondye a.”

 

Papa a temwaye Jezi se Bondye

Men, lè l'ap pale sou Pitit li a, li di: O Bondye, gouvènman ou lan la pou tout tan. W'ap gouvènen san patipri tankou yon wa nan peyi ou la.(Ebre 1:8)

 

Ezayi pwofetize Jezi se Bondye

Nou gen yon ti pitit ki fenk fèt. Bondye ban nou yon gason. Se li menm ki pral chèf nou. Y'a rele l': Bon konseye k'ap fè bèl bagay la, Bondye ki gen tout pouvwa a, Papa ki la pou tout tan an, Wa k'ap bay kè poze a!(Ezayi 9:6)

 

Toma te kwè Jezi se Bondye

Apre sa li di Toma: Mete dwèt ou isit la. Men. Gade men m' yo. Lonje men ou, mete l' la bò kòt mwen. Wete doutans nan kè ou. Kwè, tande.

Toma reponn li: Seyè mwen, Bondye mwen!(Jan 20:27-28)

 

Pòl te kwè Jezi se Bondye

Se konsa li moutre nou pou nou viv pandan n'ap tann benediksyon li te pwomèt nou yo, lè bèl pouvwa Jezikri, Bondye nou ak Delivrans nou, va parèt.(Tit 2:13)

 

Pyè te kwè Jezi se Bondye

Mwen menm, Simon Pyè, sèvitè ak apòt Jezikri, m'ap ekri lèt sa a pou nou menm ki resevwa yon konfyans ki gen menm valè ak pa m' lan, gremesi Jezikri, Bondye nou ak Sovè nou ki fè nou gras.(2Pyè 1:1)

 

Ou menm! Èske ou kwè Jezi se Bondye?


Mwen gen lasirans anyen pa ka fè nou pèdi renmen Kris la gen pou nou: ni lanmò, ni lavi, ni zanj Bondye yo, ni lòt otorite ak pouvwa ki nan syèl la, ni bagay ki la jòdi a, ni sa ki gen pou vini pita, ni pouvwa ki anwo nan syèl la, ni pouvwa ki anba tè a. Non. Pa gen anyen nan tout kreyasyon Bondye a ki ka janm fè nou pèdi renmen Bondye fè nou wè nan Jezikri, Seyè nou an. (Women 8: 38,39)