Lanmou Bondye

Kisa ki ka fè nou pèdi lanmou Kris la gen pou nou an?

Akeyi

Misyon

Sove

Sali pou tou tan

Retou Jezi a

Jezi se Bondye?

Don Sentespri

Don Pwofesi

Don Sèvis

Don Anseye

Don Egzòte

Don Bay Nan Sa Ou Genyen

Don òganize

Don Montre Mizèrikòd

Maryaj

Legliz

Bay Bondye Glwa

Lafwa

Foto 2006

Foto 2007

Foto 2008

Foto 2009

Foto 2010

Foto 2011

Foto 2012

Foto 2013

Foto 2014

Foto 2015

Foto 2016

Foto 2017

Mizik

Mizik 2

Kontak

Misyon nou, se etidye epi anseye Pawòl Bondye.
Youn nan travay ke Bondye ban nou, se etid biblik ke nou òganize ansanm avèk yon gwoup legliz ki nan komin kòt defè ak komin aken. Objektiv etid sa yo, se pou bay opòtinite ak lidè legliz yo, moun kap travay nan legliz yo ak tout moun ki enterese pou yo aprann pi plis ke sa yo te gen tan konnen e pou ede lòt moun avanse nan mach yo ak Jezi. Nan ane 2006 lan, nou te devlope sijè: "Ki kote ou pwale? ou bezwen pran yon desizyon". Nan etid sa a, nou te gen opòtinite pou etidye kisa ke sali a ye. Anpil moun pa konprann kisa sove a ye, nou jwenn anpil moun ki gen anpil tan ap mache legliz, men yo pa janm konnen kisa pou yo fè pou yo genyen lavi etènèl.

Nan konvèsasyon ke nou fè avèk kèk moun ki di ke yo asepte Jezi, moun sa yo pa kwè ke yo sove. yo rete kwè ke yap travay osinon ke yap fè efò pou yo sove. Sa se yon kwayans ki kont sa ke nou jwenn nan Bib la. Bib la anseye klèman ke pa genyen anyen ke ou kapab fè pou ou sove tèt pa ou, se Jezi sèlman ki kapab sove ou. Si wap fè efò pou ou sove, mwen kapab di ou ke se nan lanfè dirèk ou pwale.

 Si ou ta renmen li liv ke nou te itilize pou etid ki gen pou sijè "Ki kote ou pwale? ou bezwen pran yon desizyon" an, ou kapak klike "
sove " pou ou kapab fè sa.

Nan ane 2007 lan, nou te kontinye sou zafè sove a, men nou te konsantre nou sou sijè: " Eske sove, sove nèt? " Gen anpil doktrin sou sijè: " sove " ak sijè: " Eske you moun ka pèdi sali a? ". Men, nou te devlope sijè sa yo jan ke Bib la prezante yo a.

Li enposib pou yon moun sove pèdi sali a. Lè ke Bondye sove ou, Li pa sove ou pou yon valè tan; Bondye sove ou pou tout tan kap gen tan. Lè ke ou konprann kouman Bondye sove ou, se yon bagay kap fasil pou ou konprann ke ou pa kapab pèdi sali a. Sa vle di ke li enpòtan pou ou etidye sijè "sove" a an premye avan ke ou etidye sijè "sove, sove nèt" la.

Si ou ta renmen li liv ke nou te itilize pou etid ki gen pou sijè " Eske sove, sove nèt? " la, ou kapak klike "
Sove,sove nèt " pou ou kapab fè sa.

Mwen gen lasirans anyen pa ka fè nou pèdi renmen Kris la gen pou nou: ni lanmò, ni lavi, ni zanj Bondye yo, ni lòt otorite ak pouvwa ki nan syèl la, ni bagay ki la jòdi a, ni sa ki gen pou vini pita, ni pouvwa ki anwo nan syèl la, ni pouvwa ki anba tè a. Non. Pa gen anyen nan tout kreyasyon Bondye a ki ka janm fè nou pèdi renmen Bondye fè nou wè nan Jezikri, Seyè nou an. (Women 8: 38,39)