Lanmou Bondye

Kisa ki ka fè nou pèdi lanmou Kris la gen pou nou an?

Akeyi

Misyon

Sove

Sali pou tou tan

Retou Jezi a

Jezi se Bondye?

Don Sentespri

Don Pwofesi

Don Sèvis

Don Anseye

Don Egzòte

Don Bay Nan Sa Ou Genyen

Don òganize

Don Montre Mizèrikòd

Maryaj

Legliz

Bay Bondye Glwa

Lafwa

Foto 2006

Foto 2007

Foto 2008

Foto 2009

Foto 2010

Foto 2011

Foto 2012

Foto 2013

Foto 2014

Foto 2015

Foto 2016

Foto 2017

Mizik

Mizik 2

Kontak

Foto 2006
Nou te pran foto sa yo nan Jiyè 2006 nan dènye jou etid ke nou te fè sou sijè "Sove" a. Etid la te dire twa semèn e nou te pran tan pou nou te kouvri pwomès la ki te fèt premyèman nan jaden Eden; epi ki vin kontinye avèk Abraram, Izarak ak Jakòb. Nou te wè ke lalwa te vin antre ak Moyiz men Bondye pat bliye pwomès la epi lalwa pat vini pou li te ranplase pwomès la tou.

Nou te kouvri anpil vèsè ki te montre nou ke lalwa te gen wòl pa li; lalwa te gen yon travay ke li te vin fè. Sa ki te pi enpòtan pou nou te konprann, sè ke lalwa pat vini pou li te sove okenn moun. Lalwa pat kapab sove pèsòn. Nou te li e etidye anpil vèsè ki montre nou ke se lanmou Bondye genyen pou nou ki fè ke Li ban nou lavi etènèl e se ak konfyans nou nan Bondye ke nou ka resevwa kado sa a.
 
Nou te rive konprann ke travay pat kapab ba nou lavi etènèl. Sali a, se yon kado ke li ye, se Bondye sèlman ki kapab ba ou li. Si ou  mete konfyans ou nan bondye (lafwa), ou mande Li kado sa a, Bondye tou prèt pou Li ba ou li epi wap vin pitit Bondye. Ou kapab li pi plis sou sa ke nou te kouvri nan etid la nan yon ti liv ke ou kapab jwenn lè ou klike sou  lenk sa a:
LIV ETID LA 

Image: 

Mwen gen lasirans anyen pa ka fè nou pèdi renmen Kris la gen pou nou: ni lanmò, ni lavi, ni zanj Bondye yo, ni lòt otorite ak pouvwa ki nan syèl la, ni bagay ki la jòdi a, ni sa ki gen pou vini pita, ni pouvwa ki anwo nan syèl la, ni pouvwa ki anba tè a. Non. Pa gen anyen nan tout kreyasyon Bondye a ki ka janm fè nou pèdi renmen Bondye fè nou wè nan Jezikri, Seyè nou an. (Women 8: 38,39)