Lanmou Bondye

Kisa ki ka fè nou pèdi lanmou Kris la gen pou nou an?

Akeyi

Misyon

Sove

Sali pou tou tan

Retou Jezi a

Jezi se Bondye?

Don Sentespri

Don Pwofesi

Don Sèvis

Don Anseye

Don Egzòte

Don Bay Nan Sa Ou Genyen

Don òganize

Don Montre Mizèrikòd

Maryaj

Legliz

Bay Bondye Glwa

Lafwa

Foto 2006

Foto 2007

Foto 2008

Foto 2009

Foto 2010

Foto 2011

Foto 2012

Foto 2013

Foto 2014

Foto 2015

Foto 2016

Foto 2017

Mizik

Mizik 2

Kontak

Kisa Bib la di sou sijè "Sove" a?


Sijè sa a, se youn nan sijè ke Bib la klè sou li. Poutan genyen yon bann fo doktrin ke fo pwofèt yo ap anseye sou sijè sa a.

Nenpòt moun ki ta di ou ke ou bezwen fè yon "travay" pou ou kapab sove, moun sa a se yon fo pwofèt ke li ye. Pa genyen okenn travay ke ou kapab fè ki kapab sove ou. Bib la di ke se avèk konfyans ou nan bondye ke ou kapab resevwa sali a, se lafwa ou ki kapab fè ou jwenn kado sa a.

Nan Women 3:23-24, Pòl ekri: " Tout moun fè peche; yo tout vire do bay Bondye ki gen pouvwa a. Men Bondye ki renmen yo, li fè yo gras. Li fè sa pou yo gratis, gremesi Jezikri ki vin delivre yo. "

Nan Efèz 2: 8-9, nou li: " Se paske li renmen nou kifè li delivre nou, nou menm ki mete konfyans nou nan li. Sa pa soti nan nou menm menm, se yon kado Bondye ban nou. Non, nou pa fè anyen pou sa. Konsa, pesonn pa ka vante tèt yo. "

Pa genyen pèsòn moun ki kapab vante tèt li pou li di ke li te travay pou sali a paske se yon kado ke sali a ye. Ou pa kapab fè anyen pou ou kapab merite li. Menm si ou ta bay tout vi ou pou ou travay pou sali a, ou pap janm ka rive travay ase. Peche nou yo fè nou parèt sal devan Bondye e se san Jezi sèlman ki ka fè nou pwòp devan je Bondye.        

Ebre 10 :10 di konsa: " Kifè nou netwaye anba peche nou yo, se paske Jezikri te fè tou sa Bondye te vle, li ofri kò pa li bay Bondye yon sèl fwa, epi l fini. " 

 
Se peche ki mete yon baryè nan relasyon Bondye avèk lèzòm. Anvan peche te antre nan lemonn, Adan ak madanm li te genyen yon bon relasyon avèk Bondye nan jaden an. Men, aprè yo te dezobeyi lòd Bondye e yo te manje fwi pyebwa entèdi a, relasyon ak Bondye te gate paske Bondye pa kapab sitire peche nan prezans Li. Bondye te mete yo deyò nan jaden an.

Men anvan yo ale, te gen yon pwomès ki te fèt nan Jenèz 3: 15
,
“Ou menm ak fanm lan, m'ap fè nou lènmi yonn ak lòt. Pitit pitit pa l' ak pitit pitit pa ou ap lènmi tou. Pitit pitit li ap kraze tèt ou, epi ou menm w'ap mòde l' nan talon pye l'.”

Se te pwomès ke pitit pitit fanm lan ki se Jezi te genyen pou Li te pote viktwa sou sèpan an lè ke Li vin kraze tèt sèpan an sou kwa a. S
èpan an men map genyen pou li mode Jezi nan talon e nou wè san an soufrans ak imilyasyon ke jezi te andire sou kwa a.

Bondye te kontinye ak pwomès la avèk Abraram nan  Jenèz 12: 2 – 3,
“M'ap ba ou anpil pitit pitit. Y'a tounen yon gwo nasyon. m'a beni ou. Y'a nonmen non ou toupatou; w'a sèvi yon benediksyon pou tout moun. M'ap voye benediksyon mwen sou tout moun ki va mande benediksyon pou ou. Men, m'ap madichonnen tout moun ki va ba ou madichon. Gremesi ou, tout nasyon sou latè va jwenn benediksyon.”

Bondye kontinye ak pwomès la toujou lè Li di Abraram nan Jenèz 22: 17 – 18,
“Mwen pwomèt pou m' ba ou anpil pitit pitit. Y'ap tankou zetwal nan syèl la, tankou grenn sab bò lanmè. Y'a bat tout lènmi yo. Gremesi pitit pitit ou a, tout nasyon sou latè pral jwenn benediksyon. Wi, yo tout, paske ou te fè sa m' te mande ou fè a.”

Genyen kèk tradiksyon nan Bib kreyòl yo ki tradi vèsè 18 la: “Gremesi tout pitit pitit ou yo, tout nasyon sou latè pral jwenn benediksyon ”

Tradiksyon sa a pa fin sa nèt. Bon tradiksyon an se: “Gremesi pitit pitit ou a ”.

Vèse a ap pale de yon sèl moun ki se Jezi. Pòl fè sa parèt klè nan Galat 3: 16
“Enben, Bondye te fè pwomès sa yo pou Abraram ak pitit pitit li a. Yo pa t' ekri: ak pitit pitit li yo, tankou si yo te vle pale sou anpil moun, men yo ekri: ak pitit pitit ou a. Yo t'ap pale sou yon sèl moun, moun sa a se te Kris la.” 
                       
                                                  
Katsantrant (430) an apre, Bondye te bay Moyiz lalwa pou pèp Izrayèl la. Sa pat vle di ke lalwa te ranplase pwomès la osinon lalwa te kapab fè sa pwomès ta pwal fè. Nou li nan Galat 3: 17

“Men sa mwen vle di: Bondye te fè testaman sa a, epi li te pwomèt li t'ap kenbe li. Lalwa a menm te vini katsantrant (430) an apre sa. Se sak fè, lalwa a pa kapab kase testaman sa a, ni li pa kapab fè pwomès la tonbe.”

Lalwa te genyen travay pa li ke li te vin fè, lalwa pat la pou li te sove pèsòn; lalwa te s
èlman montre ou ke ou peche.

“Se pa paske yon moun fè sa lalwa a mande kifè li inonsan devan Bondye. Poukisa? Paske lalwa annik fè nou konnen sa nou fè a pa bon.”
(Women 3: 20)

Lalwa pat ede
ou pou ou pat peche ni pou sove ou; lalwa te vini pou li te moutre ke pa genyen pèsòn ki kapab rive fè ase pou yo sove tèt yo. Ou te mèt genyen volonte pou ou te fè bon bagay, wap tonbe nan yon bagay kanmèm. Avèk lalwa, pa genyen fè an pati, se tout nèt pou ou fè.

Jak te ekri: “ Paske, moun ki obsève tout lalwa a men ki dezobeyi yon sèl nan kòmandman yo, se tankou si l' te dezobeyi tout kòmandman yo.”
(Jak 2: 10)

Pwen ke nou vle fè, sè ke obeyi lalwa pap sove ou. Si lalwa te kapab sove ou, Jezi pa tap bezwen mouri pou ou sou kwa a. Pwomès sali a te akonpli nan Jezi. Se nan Jezi sèlman ou kapab jwenn sali pou nanm ou.
Bib la di ke Pyè te anba pouvwa Sentespri lè yo te mennen li devan chef jwif e li te di konsa:

“Se Jezi menm yo t'ap pale nan pawòl sa a ki ekri nan liv la: Wòch nou te voye jete lè nou t'ap bati a, se li menm ki tounen wòch ki kenbe kay la. Se li menm sèl ki ka bay delivrans paske Bondye pa bay non okenn lòt moun sou latè ki kapab delivre nou.”
(Travay 4:11-12)

Pou fini, kisa ou bezwen fè pou genyen lavi etènèl?

Jezi te di Nikodèm konsa nan  Jan 3: 3,
“ Pesonn pa kapab wè Pèyi kote Bondye Wa
a si li pa fèt yon dezyèm fwa.”

Pòl te mete li pli senp pou chef prison an

“Apre sa, li fè yo soti, li mande yo: Mesye, kisa m' dwe fè pou m' delivre?
Yo reponn li: Mete konfyans ou nan Seyè Jezi, epi wava delivre, ou menm ansanm ak tout fanmi ou.
Epi yo fè l' konnen pawòl Seyè a, limenm ansanm ak tout moun ki te lakay li.
Menm lè a, nan mitan lannwit lan, li pran yo, li mete renmèd sou tout kote yo te blese. Lèfini, Pòl ak Silas batize l' ansanm ak tout fanmi li.”
(Travay 16: 30-33)

Si ou pa si ke ou genyen lavi etènèl, si ou pa genyen asirans ke nenpòt kilè ke Jezi ta vini, ou pwal viv avèk li nan plas ke li ale prepare pou moun pa li yo, se yon sèl bagay ke ou bezwen fè. Se asepte Jezi pou sovè ou.

Pou ou rive asepte Jezi pou sovè ou ou bezwen:

1 -   Dakò e konprann ke se pechè ke ou ye; ou sòti nan vant manman ou tou peche e ou kontinye ap peche toujou.

2 -    Dakò e konprann ke pa genyen anyen ke ou kapab fè pou ou kapab vin bon ase pou ou parèt devan Bondye.

3 -   Dakò e konprann ke Jezi te vin mouri sou kwa a pou li te kapab peye pou peche tout moun, espesyalman peche pa ou yo.

4 -    Konnen ke sali (sove) a, se yon kado ke li ye; ou pa kapab travay pou li. Se mande pou ou mande Bondye kado sa a. Bondye tou prèt pou Li ba ou li.

5 -    Desann ou devan Bondye nan lapriyè, mande Bondye pou li ba ou kado sali a. Ou  mèt fè Bondye  konfyans ke ou deja resevwa kado sa a.

Se pa yon pakèt sòm ke ou bezwen li osinon ou bezwen yon moun ki pou fè yon bagay espesyal osinon ou bezwen yon priyè espesyal. Kounye a menm, ou kapab mande Jezi pou li sove ou nan yon senp priyè. Si ou pa konnen kòman pou ou priye, ou kapab mande Bondye kado sali a konsa: 

" Bondye, Mwen rekonèt ke se pechè mwen ye. Mwen di ou mèsi dèske ou te fè tout sa ki nesesè pou mwen te ka genyen lavi etènèl. Mèsi dèske sove a pa depann de mwen menm. Se Pitit ou, Jezikri ki te mouri pou mwen te ka genyen lavi sa a. Mwen rekonèt ke pa gen okenn lòt bagay mwen ta kapab fè pou mwen ta kapab eritye wayom syèl la. Jodi a, mwen asepte ou, Jezi kòm sòvè mwen e seyè mwen. Amèn ! "  

Si ou fè priyè sa a avèk tout kè ou, peche ou padone; kounye a menm, ou genyen lavi etènèl.

Premye bagay ke ou bezwen fè antan ke yon moun sove, se batize paske se lòd ke Jezi te bay. Ou pap batize pou ou kapab sove men wap batize paske ou se yon moun sove.

Wap bezwen yon legliz pou ou mache pou ou kapab grandi e travay pou Bondye. Ou pap ale legliz pou kapab sove, men ou pwale legliz paske ou se yon moun sove.

Bondye beni ou!!!


" Men, moun pèp Izrayèl yo ki t'ap chache yon lalwa ki pou ta fè Bondye fè yo gras, yo pa jwenn sa yo t'ap chache a. Poukisa? Paske yo pa t' mete konfyans yo nan Bondye; yo t'ap chache mwayen pou Bondye fè yo gras ak zèv yo t'ap fè yo. Se konsa y' al frape pye yo sou wòch k'ap fè moun bite a." (Women 9 :31-32)

Mwen gen lasirans anyen pa ka fè nou pèdi renmen Kris la gen pou nou: ni lanmò, ni lavi, ni zanj Bondye yo, ni lòt otorite ak pouvwa ki nan syèl la, ni bagay ki la jòdi a, ni sa ki gen pou vini pita, ni pouvwa ki anwo nan syèl la, ni pouvwa ki anba tè a. Non. Pa gen anyen nan tout kreyasyon Bondye a ki ka janm fè nou pèdi renmen Bondye fè nou wè nan Jezikri, Seyè nou an. (Women 8: 38,39)