Lanmou Bondye

Kisa ki ka fè nou pèdi lanmou Kris la gen pou nou an?

Akeyi

Misyon

Sove

Sali pou tou tan

Retou Jezi a

Jezi se Bondye?

Don Sentespri

Don Pwofesi

Don Sèvis

Don Anseye

Don Egzòte

Don Bay Nan Sa Ou Genyen

Don òganize

Don Montre Mizèrikòd

Maryaj

Legliz

Bay Bondye Glwa

Lafwa

Foto 2006

Foto 2007

Foto 2008

Foto 2009

Foto 2010

Foto 2011

Foto 2012

Foto 2013

Foto 2014

Foto 2015

Foto 2016

Foto 2017

Mizik

Mizik 2

Kontak

Kisa ou fè ak kado Sentespri a?

Pòl te ekri kretyen nan lavil korent; li te di yo konsa: ‹‹ Ann wè koulye a keksyon kado Sentespri bay la. Frè m' yo, mwen ta vle nou konnen sa ki vre sou keksyon kado sa yo. ›› (1 Korint 12: 1)


Pòl pat vle pou kretyen yo te rete inyoran sou zafè don Sentespri yo. Se pa paske li te bezwen pou moun yo te genyen gwo konesans sou sijè sa a. Men se paske te genyen anpil dezòd nan legliz korent lan konsènan don espirityèl yo.

Poukisa li enpòtan pou yon moun aprann sou sijè don Sentespri yo?

Nan 1 Pyè 4:10, nou li: ‹‹ Chak moun dwe pran kado Bondye ba yo a pou yo rann lòt yo sèvis. Konsa, tankou bon jeran, n'a pran kado Bondye yo, ki divès kalite, n'a fè yo travay. ››

Malerezman, anpil kretyen pa konnen ki don espirityèl ke Bondye ba yo. Si yon moun pa konnen ki don li genyen, moun sa a pap janm rive travay tout bon vre pou Bondye. Yon kretyen bezwen konnen ki zouti ke Bondye vle li ye nan travay li a.

Menm nan vi lakay nou, nou genyen yon seri de zouti ke nou itilize lè nou bezwen fè yon bagay, men ki pa itil nou lè nap fè yon lòt bagay. Pran egzanp ou sou tab wap manje; si yo mete yon soup devan ou, ou bezwen yon kiyè pou ou bwè soup la, se pa yon kouto ke ou bezwen. Menm jan an tou, si yap sèvi ou kafe, yap ba ou li nan yon gode, yo pa kapab ba ou li nan kiyè. Kiyè a bon pou soup la, men li pa bon pou kafe a. Si ou bezwen koupe yon yam osinon yon viann, ou bezwen yon kouto pou ou fè sa.

Kouto a pa pi bon ke gode a ni kiyè a pa pi bon ke kouto a; yo chak gen itilite pa yo. Kouto a bon pou yon travay men li pa bon pou yon lòt; se menm jan an tou ni pou gode a, ni pou kiyè a.

Konsa Bondye ba ou yon don pou ou travay pou li. Si Bondye ba ou yon kouto, epi ou pwal eseye sèvi kafe avèk li, pwal genyen pwoblèm. Men si yon lòt moun genyen yon gode kòm don, moun sa ap sèvi kafe a san pwoblèm. Se pa ke don ke Bondye ba ou a pa bon, men se paske ou pap itilize don Bondye ba ou a jan ke sipoze itilize li.


Si ou pa konnen ki don ke Bondye ba ou, se pi rèd toujou. Se yonn nan rezon ke genyen anpil dezòd ak pwoblèm nan legliz.

Nan Efezyen 4 vèsè 11, Bib la di ke se Bondye ki fè lèzòm kado divès pouvwa. Li bay kèk ladan yo pouvwa pou sèvi apòt, li bay lòt ladan yo pouvwa pou sèvi pwofèt, li bay lòt ankò pouvwa pou anonse bon nouvèl la, li bay dòt ankò pouvwa pou sèvi tankou pastè ak dirèktè. Nou wè ke Bondye mete yon gwoup moun espesyal nan legliz li e genyen yon rezon pou sa. Vèsè 12 la fè nou konprann ke rezon Bondye plase moun sa yo nan legliz, se pou yo kapab prepare kretyen yo pou yo travay pou Bondye, konsa kò Kris la ap grandi.

Konsa, Bondye bay kèk moun nan legliz Li yon seri de kado espirityèl pou yo kapab sèvi kòm apòt, pwofèt, evanjelis, paste ak direktè pou yo kapab prepare lòt moun yo pou moun sa yo travay pou Bondye.

Nou jwenn kat (4) kote nan bib la ki bay yon lis nan kado Sentespri yo. Se:
1 Korent 12: 8-10, 28
Efèz 4: 11
Women 12: 6-8
1 Pyè 4: 10-12

Nan tout don sa yo, kilès ladan yo ke ou genyen? Pa panse ke ou pa genyen youn ladan yo paske tout kretyen genyen yon don ou plis ke youn. Premye rezon ki pou fè ke ou pa konnen ki don ke ou genyen, se paske ou pap travay pou Bondye. Ou pap jwenn yon kote nan Bib la ki pou di ou kòman pou ou dekouvri ki don ke ou genyen. Se pandan ke ou kòmanse ap travay pou Bondye epi wap vin dekouvri don ke ou genyen.

Se responsablite moun ki an chèf legliz yo pou yo bay manm yo opòtinite pou yo travay pou yo kapab dekouvri don espirityèl yo pou yo kapab travay pou Bondye.

Kontinye vizite sit sa a, nap travay sou yon liv etid ki va
ede ou konprann don espirityèl yo pi byen!!!

Bondye beni ou!





 

Ki don ou?

 

Kòman ou itilize don Bondye ba ou a?

 

 

Don pale avèk bon konprann

 

Don pale avèk anpil konesans

 

Don lafwa

 

Don geri moun malad

 

Don fè mirak

 

Don pwofesi (Preche)

 

Don disènman

 

Don pale langaj

 

Don entèpretasyon

 

Don apòt

 

Don ansèyman

 

Don evanjelis (anonse bòn nouvèl)

 

Don dirije (Lidè)

 

Don sèvis

 

Don ankourajman (Ekzòtasyon)

 

Don bay nan sa li genyen

 

Don moutre kè sansib (mizèrikòd)

 

Don ede lòt


Mwen gen lasirans anyen pa ka fè nou pèdi renmen Kris la gen pou nou: ni lanmò, ni lavi, ni zanj Bondye yo, ni lòt otorite ak pouvwa ki nan syèl la, ni bagay ki la jòdi a, ni sa ki gen pou vini pita, ni pouvwa ki anwo nan syèl la, ni pouvwa ki anba tè a. Non. Pa gen anyen nan tout kreyasyon Bondye a ki ka janm fè nou pèdi renmen Bondye fè nou wè nan Jezikri, Seyè nou an. (Women 8: 38,39)