Lanmou Bondye

Kisa ki ka fè nou pèdi lanmou Kris la gen pou nou an?

Akeyi

Misyon

Sove

Sali pou tou tan

Retou Jezi a

Jezi se Bondye?

Don Sentespri

Don Pwofesi

Don Sèvis

Don Anseye

Don Egzòte

Don Bay Nan Sa Ou Genyen

Don òganize

Don Montre Mizèrikòd

Maryaj

Legliz

Bay Bondye Glwa

Lafwa

Foto 2006

Foto 2007

Foto 2008

Foto 2009

Foto 2010

Foto 2011

Foto 2012

Foto 2013

Foto 2014

Foto 2015

Foto 2016

Foto 2017

Mizik

Mizik 2

Kontak


Nou te pran anviron 375 foto ane sa a. Nou te panse mete anpil nan foto etid la sou sit la. Malerezman, tout foto yo efase sou kamera a. Nou panse ke foto sa yo pèdi paske kamera te pase plizyè fwa nan aparèy ki nan ayewopò yo ki pou detekte bagay ilegal nan valiz moun kap vwayaje.

Nou te sipoze kite Ayiti nan dènye vòl "American Airlines" nan 30 Jiyè. Tout bagay nou fin pase nan aparèy deteksyon yo epi nou aprann ke avyon an pat antre. Nou te oblije ale dòmi nan otèl epi retounen nan demen maten; kamera a pase nan 3 diferan aparèy anvan nou monte avyon Ayiti a.

Lè nou rive Miyami, kamera a pase nan yon lòt aparèy ankò. Se lè nou tap tann avyon ki pou mennen nou Atlanta, nou tcheke epi nou wè ke kamera pat genyen yon grenn foto ladan li ankò. Nou eseye li, li mache nòmal; men tout foto ke nou te pran an Ayiti yo disparèt, yo pèdi.

Apa de sa, tout bagay te pase trè byen; te genyen plis moun nan etid la ane sa a ke ane anvan yo. Sijè etid la ane sa a te "Retou Jezi ". Nou te pale de anpil bagay ke Bib la anseye sou retou Sovè nou an e nou te touche anpil doktrin ki anseye nan legliz men ki pa an akò avèk Bib la. Ou kapab li pi plis sou sa ke nou te kouvri nan etid la; jis klike sou lenk sa a: " RETOU JEZI " e ou kapab jwenn liv etid la.

Foto sa a montre jan nou te santi nou nan ayewopò miyami an lè nou reyalize ke tout 375 foto ke nou te pran an Ayiti yo te efase nan kamera a.
Fanfan ap eseye fè yon ti kabicha pandan yo tap tann avyon ki pou mennen yo nan Atlanta a.

Mwen gen lasirans anyen pa ka fè nou pèdi renmen Kris la gen pou nou: ni lanmò, ni lavi, ni zanj Bondye yo, ni lòt otorite ak pouvwa ki nan syèl la, ni bagay ki la jòdi a, ni sa ki gen pou vini pita, ni pouvwa ki anwo nan syèl la, ni pouvwa ki anba tè a. Non. Pa gen anyen nan tout kreyasyon Bondye a ki ka janm fè nou pèdi renmen Bondye fè nou wè nan Jezikri, Seyè nou an. (Women 8: 38,39)