Lanmou Bondye

Kisa ki ka fè nou pèdi lanmou Kris la gen pou nou an?

Akeyi

Misyon

Sove

Sali pou tou tan

Retou Jezi a

Jezi se Bondye?

Don Sentespri

Don Pwofesi

Don Sèvis

Don Anseye

Don Egzòte

Don Bay Nan Sa Ou Genyen

Don òganize

Don Montre Mizèrikòd

Maryaj

Legliz

Bay Bondye Glwa

Lafwa

Foto 2006

Foto 2007

Foto 2008

Foto 2009

Foto 2010

Foto 2011

Foto 2012

Foto 2013

Foto 2014

Foto 2015

Foto 2016

Foto 2017

Mizik

Mizik 2

Kontak

Ane 2009 la, sijè etid nou , se te: " Sa Bib la di sou maryaj ak fanmi ". Nap viv nan yon tan kote ke genyen anpil pwoblèm nan fanmi yo. Genyen pwoblèm nan fanmi kap viv nan peyi Dayiti menm jan ak lòt peyi yo. Nou kapab di ke pwoblèm nan maryaj, se yon pwoblèm entènasyonal li ye. Ke ou te nwa, blan, rich, pòv, doktè, pòtè, pastè osinon prezidan, ou kapab genyen pwoblèm nan maryaj ou. Pwoblèm nan maryaj pa genyen diskriminasyon; li kapab frape nenpòt ki moun.

Nan etid la, nou te kanpe sou prensip ke Bondye bay nan bib la. Prensip sa yo, se pou byen nou ke yo ye. Anpil pwoblèm maryaj ki egziste, se paske nou neglije osinon nou bay vag sou prensip ke Bondye bay sou jan ke yon fanmi dwe mache. Bondye bay chak moun nan fanmi an wòl pa yo; si yon moun pa konnen wòl li osinon plas li nan fanmi an, sa pral kreye pwoblèm.

Ou kapab li pi plis sou sa ke nou te kouvri nan etid la; jis klike sou lenk sa a: "
Maryaj dapre Bib la " e ou kapab jwenn liv etid la.

Nou te touche anpil pwen ki enpòtan pou siksè yon maryaj tankou:

1)   Soumisyon madanm devan mari yo.
2)   Wòl mari antan ke chèf madanm nan.
3)   kisa renmen ye?

Nou te wè ke anpil nan pwoblèm ke nou jwenn nan maryaj, se paske anpil moun ki marye pa konprann twa pwen enpòtan sa yo. Maryaj se pa yon bagay ki dous ke li ye. 

Nan Matye 19:10-11, nou li: " Disip li yo di li: Si se konsa bagay la ye pou yon nonm ak madanm li, pito yon nonm pa marye. Jezi reponn yo: Se pa tout moun ki asepte pawòl sa a. Se sèlman moun Bondye bay pouvwa pou sa. "

Nan 1 Korent 7:1-2 , nou li: " Bon. Koulye a ann wè keksyon nou te mande m' nan lèt nou an: Wi. Yon nonm fè byen si l' pa marye. Men, sitèlman gen dezòd lachè deyò a, se pou chak gason gen madanm pa yo. Konsa tou, se pou chak fanm gen mari pa yo. "

Nan 1 Korent 7:1-2 , nou li: " Pou di vre, mwen ta pito wè tout moun fè tankou mwen. Men, chak moun gen kado pa yo Bondye ba yo. Yon moun resevwa yon kalite kado, yon lòt moun resevwa yon lòt kalite kado. Men sa m'ap di moun ki pa marye yo ansanm ak vèv yo. Li ta pi bon pou yo rete tankou m', pou kont yo. Men, si nou pa ka kontwole kò nou, marye marye nou. Pito nou marye pase pou n' kite lanvi boule nou. "

Nou swete ke ou va pran yon ti tan pou ou gade materyèl ke nou te itilize pou etid la. Li ka rive ede ou nan lavi pa ou.

Bondye beni ou!

Mwen gen lasirans anyen pa ka fè nou pèdi renmen Kris la gen pou nou: ni lanmò, ni lavi, ni zanj Bondye yo, ni lòt otorite ak pouvwa ki nan syèl la, ni bagay ki la jòdi a, ni sa ki gen pou vini pita, ni pouvwa ki anwo nan syèl la, ni pouvwa ki anba tè a. Non. Pa gen anyen nan tout kreyasyon Bondye a ki ka janm fè nou pèdi renmen Bondye fè nou wè nan Jezikri, Seyè nou an. (Women 8: 38,39)