Nou te pran foto sa yo nan Jiyè 2009 kote ke nou te pale sou maryaj ak fanmi. Ane sa a, nou te fè atansyon pou nou pat pèdi foto yo menm jan ak lane pase a. Li te pran nou anviron inèd tan pou nou te sòti lakay nou pou nou te rive kote etid la tap fèt la. Konsa, nou te gen chans fè kèk foto nan etid la, lakay nou, ak sou wout la tou. Nan foto yo wap kapab wè ke non sèlman nou te etidye Pawòl Bondye men nou te rejwi nou ak fanmi nou yo tou.
Etid la te yon siksè e nou di Bondye mèsi pou sa.
|
|