Retou Jezi
Youn nan pi gwo evenman ki te pase sou tè a, se premye vini Jezi sou tè a. Li te pran nesans nan yon pak zannimo; sou 8 jou, Jozèf ak Mari te prezante Li nan tanp lan e Li te sikonsi jan lalwa te mande pou sa te fèt. Li te grandi nan yon fanmi jwif e Li te kòmanse ministè l lè Li te genyen anviron trant (30) tan. Apre twa (3) zan edmi nan ministè l, Li te mouri, Li te leve epi Li te retounen nan syèl kote Papa Li. Sa ke nou bezwen konprann sè ke objektiv premye vini Jezi a, se te pou Li te vin mouri pou peche lèzòm pou Li te kapab sove tout moun ki mete konfyans yo nan Li. Men Jezi te fè trann twa (33) zan edmi sou tè a anvan ke Li te akonpli sa ke Li te vin fè a ki se te mouri pou peche lèzòm. Te genyen anpil pwofesi ki te akonpli nan premye vini Jezi a ki montre ke se Li menm ke tout pwofèt yo te pwofetize sou Li a.
Ezayi te pwofetize:
« Enben! Se Seyè a menm ki pral ban nou yon siy. Men li: Jenn tifi ki ansent lan pral fè yon pitit gason, l'a rele l' Emannwèl (ki vle di: Bondye avèk nou). » (Ezayi 7: 14)
Pwofesi sa a te akonpli nan Lik 1: 34 ak 35
« Mari di zanj lan konsa: Ki jan sa pral fè rive? Ala mwen poko janm konn gason! Zanj lan reponn li: Sentespri a pral vin sou ou; pouvwa Bondye ki anwo nan syèl la pral kouvri ou tankou yon lonbraj. Se pou sa tou, tipitit ki pral fèt la pral viv apa pou Bondye, y'a rele l' Pitit Bondye. »
Jenn tifi Ezayi tap pale a, se te Mari; pitit gason an, se Jezi. Zanj ki te vin pòte nouvèl nesans Jezi a bay Mari a te bay yon pwofesi tou:
« Ou pral vin ansent, ou va fè yon pitit gason. Wa rele l' Jezi. L'ap vin yon grannèg, y'a rele li Pitit Bondye ki anwo nan syèl la. Mèt la, Bondye nou, va fè l' wa tankou David, gran granpapa li. La gouvènen pèp Izrayèl la pou tout tan, gouvènman l' lan p'ap janm fini. » (Lik 1: 31-33)
Ezayi te pwofetize menm bagay la tou:
« Nou gen yon ti pitit ki fenk fèt. Bondye ban nou yon gason. Se li menm ki pral chèf nou. Y'a rele l': Bon konseye k'ap fè bèl bagay la, Bondye ki gen tout pouvwa a, Papa ki la pou tout tan an, Wa k'ap bay kè poze a! Gouvènman li p'ap gen finisman. Nan peyi l'ap gouvènen an se va kè poze san rete. L'ap chita sou fotèy wa David la. L'ap gouvènen peyi wa David la. L'ap fè gouvènman an byen chita, l'ap ba li bon pye paske l'ap fè sa ki dwat. Li p'ap nan patipri, depi koulye a jouk sa kaba. Se Seyè ki gen tout pouvwa a ki soti pou fè tou sa rive vre! » (Ezayi 9: 6-7)
Nou kapab wè ke Ezayi te pwofetize ke gen yon ti gason ki gen pou li fèt e ti gason sa a, se Bondye menm ke Li ye. Ti gason an gen pou li vin wa pèp Izrayèl la. Pèp jwif la konnen pwofesi sa a byen. Yo te toujou ap tann pou Mesi a vini; yo te aprann nan ansyen testaman an ke Mesi a gen pou Li vini pou vin gouvène peyi yo a. Zanj lan te fè Mari konnen ke se Jezi ki Mesi a; se Jezi ki genyen pou Li vin wa pou Li gouvènen pèp Izrayèl la.
Nan premye vini Jezi a, Li pat janm te rive chita sou fotèy wa David la. Se yon pwofesi ki poko akonpli, men, menm jan ak tout lòt pwofesi yo, pwofesi sa a ap akonpli kanmèm. Jezi ap tounen e Li va chita sou fotèy wa David la pou li gouvènen jan ke Bib la di li a. Ou kapab jwenn plis detay sou retou Jezi a nan liv ke nou te itilize pou etid anyèl nou pou ane 2008 la. Sèlman klike sou lenk sa a: « Retou Jezi » e ou kapab kontinye li e etidye sou sijè: Retou Jezi a.Nan ti liv sa a, nou diskite diferan doktrin sou rèy milenè a, sou anlèvman legliz, sou zafè antikris la...etc.Konsa, itilize sit sa a tankou yon zouti pou ou grandi nan lafwa ou!Maranatha!!!
| |
|