Nan ane 2010, nou te etidye sou sijè "Legliz". Nou te wè kisa Legliz la ye epi pou ki rezon ke legliz te pran nesans. Nou te fini pa reyalize ke Legliz pa ranpli fonksyon li vrèman vre. Legliz neglije sou travay ke li dwe fè. Youn nan travay ki pi enpòtan an se evanjelize, men an jeneral se yon travay ke anpil asanble yo neglije anpil.
Nou te wè tou ke Legliz kite règ ke Bondye mete pou bon mach nan asanble yo epi yo mete règ ak lwa pa yo ki pa tonbe dakò ak Bib la. Nan Mak 7: 6-8, nou li:
" Jezi reponn yo: -Bann ipokrit! Ezayi te gen rezon lè l' t'ap pale sou nou,jan sa ekri a: Se nan bouch pèp sa a respekte m', men kè yo byen lwen mwen. Se tan yo y'ap pèdi lè y'ap fè sèvis pou mwen. Paske nan leson yo, se pawòl lèzòm y'ap moutre moun. Jezi di yo konsa: Nou mete kòmandman Bondye yo sou kote pou nou swiv koutim moun etabli."
Nou te vini pa konprann tou ke Legliz bay pozisyon plis enpòtans ke fonksyon; sa vle di moun avèk gwo tit pap travay vrèman vre. Ou kapab jwenn plis detay sou sijè ki te devlope a nan ti liv sa a: LEGLIZ
An konklizyon, nou te wè ke geneyen anpil chanjman ki bezwen fèt nan Legliz. Legliz pa kapab mete Bib la sou kote epi pou li genyen siksè. Bagay sa a enposib. Si nou kontinye ap swiv koutim lèzòm epi nou mete Pawòl Bondye a sou kote, nap toujou genyen anpil pwoblèm nan asanble yo.
Bondye beni ou!!!
| |
|
|