Lanmou Bondye

Kisa ki ka fè nou pèdi lanmou Kris la gen pou nou an?

Akeyi

Misyon

Sove

Sali pou tou tan

Retou Jezi a

Jezi se Bondye?

Don Sentespri

Don Pwofesi

Don Sèvis

Don Anseye

Don Egzòte

Don Bay Nan Sa Ou Genyen

Don òganize

Don Montre Mizèrikòd

Maryaj

Legliz

Bay Bondye Glwa

Lafwa

Foto 2006

Foto 2007

Foto 2008

Foto 2009

Foto 2010

Foto 2011

Foto 2012

Foto 2013

Foto 2014

Foto 2015

Foto 2016

Foto 2017

Mizik

Mizik 2

Kontak

Sove, sove nèt?
Anpil kretyen pa genyen asirans nan sali yo a ; yo nan dout sou zafè lavi etènèl la. Gen kèk kretyen ki pa menm kwè ke yo sove tout bon vre e gen lòt menm kap viv nan lapèrèz, ki pè pou yo pa fè yon bagay ki ka fè yo pèdi sali yo a.
 
Asirans, se yon bagay ki enpòtan anpil nan zafè sove a. Se yon bagay ki tris lè nou wè anpil kretyen pa konprann e yo pa fè esperyans lapè ak lasirans ki genyen lè ke yo asepte Jezi pou sovè yo. Ou pap janm kapab genyen yon bon relasyon avèk Bondye si ou pa fè Li konfyans. Ou pap janm kapab renmen Bondye vre si ou kwè ke Bondye pap genyen menm amou Li te genyen pou ou a, si ou fè yon bagay ke Li pa vle.

Menm nan relasyon ke ou genyen avèk yon zanmi ou, lè ou fè moun sa a konfyans, sa fè ou genyen yon pi bon relasyon ak moun sa a. Si ou pa gen konfyans nan zanmi an, ou pap janm kapab genyen yon bon relasyon avèk li. Nou kapab di ke moun nan pa zanmi ou vre. Si nou ta gade lè de moun marye ap viv nan kay ansanm, si gen youn ladan yo ki pa fè lòt la konfyans, ki kwè ke nenpòt kilè lòt la ka vire do ba li, li ale jwenn yon lòt moun, yo pap janm ka byen viv nan kay la.

Nou kapab imajine si yon mari ta di madanm li ke si yon jou li ta sòti travay e li pa ta jwenn manje sou tab la, lap kite fanm lan pou li ale pran yon lòt fanm. Sa vle di ke misye pa renmen madanm nan vre, se manje a misye renmen, se manje a ki madanm nèg sa a. Osinon si yon fanm ta di mari li ke si li pa ede li ak timoun yo nan kay la, li pwal jwenn yon lòt nèg. Kouman ou panse ke relasyon moun sa yo tap ye nan kay sa a. Fanm nan tap fè manje a paske li pè pou mari a pa kite li men se pa renmen ki rezon ke manje a fèt ; manje a pap fèt ak bon kè, ni bon entansyon. Pap kapab genyen lanmou vre nan relasyon moun sa yo.
 
Men, si gen renmen nan kay la epi youn fè lòt konfyans , yo konnen ke menm si youn ta fè yon bagay ke lòt la pa renmen, sa pap lakòz seperasyon, moun sa yo ap toujou gen yon pi bon relasyon. Lè genyen yon pwoblèm, moun sa yo kapab chita ansanm pou rezoud pwoblèm nan. Yo pap bezwen viv nan lapèrèz ke lòt moun nan ka vire do li lale a nenpòt ki moman.
 
Se menm jan an tou pou yon moun ki kwè ke li kapab pèdi sali a si li fè yon bagay ki pa sa devan Bondye. Moun sa a pap janm kapab genyen yon bon relasyon ak Bondye paske moun nan pa baze relasyon an sou pawòl Bondye. Moun nan baze relasyon li ak Bondye sou tèt pa li, sou fòs pa li, sou bon bagay ke li kapab fè. Moun sa a mete konfyans li sou lachè pou satisfè bagay ke lachè pa janm kapab fè. Moun sa a fè kòm si Bondye renmen bon bagay ke li kapab fè pou Bondye, men se pa li menm ke Bondye renmen vre. Men, nou bezwen reyalize ke Bondye pa renmen nou paske nou fè okenn bon bagay ; Bondye te gen tan renmen nou anvan menm ke nou te mete konfyans nou nan Li.
 
An nou analize twa vèsè nan liv 1 Jan 4.

« Nou konnen nou renmen Bondye tout bon lè kè nou pa kase pou jou jijman an, paske n'ap viv nan lemonn tankou Kris la t'ap viv. » (1 Jan 4 : 17)

Jan vle fè nou konprann ke si nou gen kè sote pou jou jijman an, si nou pa gen asirans ke nenpòt kilè Jezi ta tounen, nou prale avèk Li, sa vle di ke nou pa genyen renmen nan kè nou. Jan kontinye toujou pou li di :
 
« Kote ki gen renmen, pa gen kè kase. Okontrè, lè nou renmen tout bon, si kè nou te kase, li pa kase ankò. Konsa, yon moun ki pè toujou, li poko fin renmen nèt. Paske si ou pè, se paske ou pè chatiman. » (1 Jan 4 : 18)

Si ou gen yon ti dout nan kè ou ke ou sove, sa vle di ou pa gen renmen nan kè ou paske Bib la di kote ki gen renmen, pa gen kè kase. Jan te kapab di bagay sa yo paske li te konnen kote sous renmen an ye. Li te konnen ke rezon ki te fè ke li te genyen renmen nan kè li. Li kontinye nan vèsè 19 la pou li di :

« Pou nou menm, nou gen renmen nan kè nou, paske Bondye te renmen nou anvan. » (1 Jan 4 : 19)

Rezon ki fè ke nou gen renmen nan kè nou, se paske Bondye te renmen nou anvan. Konsa kè nou pa sote pou dènye jou an, nou pa pè jijman nan dènye jou an paske Bondye renmen nou. Bondye pat renmen nou paske nou te merite lanmou li osinon paske nou te fè bon bagay devan je Li. Pawòl Bondye a di konsa :
 
« Sou pwen sa a, Bondye moutre nou jan li renmen nou anpil; paske nou t'ap fè peche toujou lè Kris la mouri pou nou. » (Women 5 : 8)

Jezi pat mande pou nou te kite peche anvan ke Li te asepte vin mouri pou nou. Li te renmen nou anvan menm ke nou te asepte Li. Kounye a, si ou mete konfyans ou nan li, kisa ou panse ki kapab fè Jezi pèdi amou Li genyen pou ou a. Pòl te ekri :

« Paske, mwen gen lasirans anyen pa ka fè nou pèdi renmen Kris la gen pou nou: ni lanmò, ni lavi, ni zanj Bondye yo, ni lòt otorite ak pouvwa ki nan syèl la, ni bagay ki la jòdi a, ni sa ki gen pou vini pita, ni pouvwa ki anwo nan syèl la, ni pouvwa ki anba tè a. Non. Pa gen anyen nan tout kreyasyon Bondye a ki ka janm fè nou pèdi renmen Bondye fè nou wè nan Jezikri, Seyè nou an. » (Women 8 : 38, 39)


Si Bib la pap bay manti, mwen pa bezwen nan kè sote, mwen pa bezwen pè jijman dènye jou an paske Jezi renmen mwen nèt pou tout tan e Jezi pat sove mwen pou yon valè tan. Jezi sove mwen pou tout tan kap gen tan.

Jezi pat sove mwen paske mwen te sispann fè peche ; Li pat sove mwen paske mwen te pwomèt pou mwen te fè jefò pou mwen pa fè peche ankò ; Li pat sove mwen avèk kondisyon ke mwen pap fè peche ankò.

Sijè « Sove sove nèt », se yon sijè ki enpòtan anpil e tout kretyen ta bezwen konprann sijè sa a. Lè yon kretyen konprann kisa sali a ye, e ki kalite gwo kado ke sali a ye, li pap janm kapab sispann remèsye Bondye pou sali sa a. 

 Si ou ta renmen aprann pi plis sou sijè sa a, ou kapak klike "
Sove, sove nèt " pou ou kapab fè sa.

Mwen swete ke leson ke nap aprann nan liv sa a va chanje lavi nou. Objektiv etid sa a, se pou nou rive jwi yon pi bon relasyon avèk Bondye nan Jezikri. Nap priye Bondye pou Sentespri kapab louvri kè nou pou nou kapab aprann, konprann e mete Pawòl Bondye a an pratik. Konsa, nap rive viv pou Bondye vre e itilize tout sa nou posede pou glwa Bondye.

Si se bale ou kapab bale lakou legliz la, fè sa pou glwa Bondye ; pa fè li ak lide ke sa ap fè ou jwenn lavi etènèl paske travay pa kapab sove ou. Si ou gen opòtinite pou ou ale nan misyon, fè sa ; men pa fè li ak lide ke sa ap fè ou rete sove paske asirans lavi etènèl la pa nan travay ke wap fè. Toutotan ou jwenn pou fè byen, ou jwenn pou ou fè yon travay pou Bondye, se pwofite fè yo. Men fè tout bagay pou Bondye jwenn glwa ladan yo ; pa fè yo pou okenn lòt rezon.

Mouton m' yo koute vwa m', mwen konnen yo epi yo swiv mwen. Mwen ba yo lavi ki p'ap janm fini an. Yo p'ap janm peri, pesonn p'ap janmn ka rache yo nan men mwen. Sa Papa m' ban mwen an pi gran pase tout. Pesonn pa ka rache anyen ki nan men Papa a. (Pawòl Jezi nan Jan 10: 27-29)

Mwen gen lasirans anyen pa ka fè nou pèdi renmen Kris la gen pou nou: ni lanmò, ni lavi, ni zanj Bondye yo, ni lòt otorite ak pouvwa ki nan syèl la, ni bagay ki la jòdi a, ni sa ki gen pou vini pita, ni pouvwa ki anwo nan syèl la, ni pouvwa ki anba tè a. Non. Pa gen anyen nan tout kreyasyon Bondye a ki ka janm fè nou pèdi renmen Bondye fè nou wè nan Jezikri, Seyè nou an. (Women 8: 38,39)